Gid an kreyòl · Ayiti
Kijan pou rechaje Pocket Option an Ayiti
Ou vle mete kob sou Pocket Option men ou pa gen kat bank ? Ak NovaCash, ou peye an goud ak NatCash, epi nou voye USDT sou adres Pocket Option ou.
An rezime
- Ou peye ak
- NatCash, an goud
- Minimòm Pocket Option
- 10 USDT
- Rezo
- BEP20 oswa Polygon
- Frè NovaCash
- 1 % + 1,5 USDT
4 etap pou rechaje Pocket Option
Kreye kont ou sou NovaCash
Antre sou novacash.io epi kreye kont ou.
Mete kob sou NovaCash ak NatCash
Ale nan seksyon "Déposer", chwazi NatCash, epi swiv etap yo. Kod ajan an ak yon video la pou ede w. Apre ou fin voye kob la, ajoute kapti SMS konfimasyon an epi klike "Soumettre la demande". Gade video depo a.
Pran adres USDT ou sou Pocket Option
Sou Pocket Option, fè yon demann depo an USDT. Chwazi rezo BEP20 oswa Polygon, mete montan ou vle a, epi kopye adres li ba ou a.
Voye USDT a sou NovaCash
Sou NovaCash, ale nan "Top-up", chwazi USDT, epi chwazi menm rezo a. Kole adres la, mete menm montan an, epi konfime.
3 bagay pou pa bliye
- Menm rezo a. Si ou jenere adres la sou yon rezo epi ou voye sou yon lòt, kob la pèdi. Pa gen rekiperasyon.
- Minimòm 10 USDT. Si ou voye mwens, Pocket Option resevwa kob la men li pa kredite kont ou.
- Pa ka anile. Yon fwa USDT a pati, ou pa ka anile l. Tcheke adres la anvan ou konfime.
Konbyen sa ap koute ou ?
Fòmil la : (montan USDT + 1 % + 1,5 USDT) × to acha jou a. To a ka chanje, kalkil sa a pran to jodi a.
Fòmil la ba ou pri a an goud. Wap wè to jou a sou NovaCash.
Kijan pou retire kob Pocket Option sou NatCash
Pran adres USDT ou sou NovaCash
Ale nan "Déposer", chwazi USDT, chwazi BEP20 oswa Polygon, epi jenere adres la.
Fè demann retrè a sou Pocket Option
Chwazi USDT sou menm rezo a epi kole adres NovaCash ou a. Kont Pocket Option ou dwe verifye pou ou ka retire.
Tann staff Pocket Option
Retrè a pa otomatik : yo dwe apwouve l. An jeneral sa pran maksimòm anviwon 12 è.
Kob la monte an goud sou NovaCash
Li monte otomatikman sou solde NovaCash ou, pa dirèkteman sou NatCash. Apre sa, ou fè yon retrè NatCash. Gade video retrè a.
Fòmil la : (montan USDT − 1,5 USDT − 0,5 %) × to vant jou a.
Kesyon moun poze
Eske mwen ka rechaje Pocket Option ak NatCash ?
Wi. Ou mete kob sou kont NovaCash ou ak NatCash, an goud. Apre sa, NovaCash voye USDT sou adres Pocket Option ou.
Ki minimòm pou rechaje Pocket Option ?
Minimòm nan se 10 USDT. Si ou voye mwens, Pocket Option resevwa kob la men li pa kredite kont ou.
Ki rezo pou m chwazi ?
Chwazi USDT BEP20 oswa Polygon. Sa ki pi enpòtan : menm rezo a sou Pocket Option ak sou NovaCash.
Kob la poko parèt sou Pocket Option, kisa pou m fè ?
Ekri sipò NovaCash nan chat la : nou ka verifye transfè a pou ou. Si kob la rive sou adres la, voye TXID la bay sipò Pocket Option, paske se yo ki kredite kont ou.
Konbyen tan yon retrè Pocket Option pran ?
Retrè a pa otomatik : staff Pocket Option dwe apwouve l. An jeneral sa pran maksimòm anviwon 12 è. Apre sa, kob la monte an goud sou kont NovaCash ou otomatikman.
Eske NovaCash gen lyen ak Pocket Option ?
Non. NovaCash se yon sèvis endepandan. Nou voye USDT sou adres ou ban nou an, men se Pocket Option ki jere kont ou.
Comment déposer sur Pocket Option depuis Haïti
Depuis Haïti, vous pouvez recharger Pocket Option avec NatCash grâce à NovaCash. Déposez des gourdes sur votre compte NovaCash, générez une adresse USDT sur Pocket Option en BEP20 ou Polygon, puis envoyez au moins 10 USDT depuis NovaCash sur le même réseau. Pour retirer, envoyez vos USDT de Pocket Option vers votre adresse NovaCash : le montant arrive en gourdes, puis vous pouvez le retirer sur NatCash.
Lòt gid yo
Pare pou komanse ?
Kreye kont ou, epi ekri sipò a si ou bloke nan yon etap.
Kreye kont NovaCash ou