Kreye kont

Gid an kreyòl · Ayiti

Kijan pou rechaje kat Meru an Ayiti

Ou gen yon kat Meru epi ou vle mete kob sou li ? Ak NovaCash, ou peye an goud ak NatCash, epi nou voye USDT Polygon sou adres Meru ou.

An rezime

Ou peye ak
NatCash, an goud
Rezo
Polygon sèlman
Frè NovaCash
1 % + 1,5 USDT
Frè Meru
1 $ + 1 %

4 etap pou rechaje kat Meru

  1. Kreye kont ou sou NovaCash

    Antre sou novacash.io epi kreye kont ou.

  2. Mete kob sou NovaCash ak NatCash

    Ale nan seksyon "Déposer", chwazi NatCash, epi swiv etap yo. Kod ajan an ak yon video la pou ede w. Apre ou fin voye kob la, ajoute kapti SMS konfimasyon an epi klike "Soumettre la demande". Gade video depo a.

  3. Pran adres USDT Polygon ou sou Meru

    Sou aplikasyon Meru, ale nan "Deposit", epi chwazi crypto. Klike sou USDC pou chanje l an USDT, chwazi rezo Polygon, epi klike "Reveal my address". Tcheke ou wè USDT ak Polygon, epi kopye adres la.

  4. Voye kob la sou NovaCash

    Sou NovaCash, ale nan "Top-up", epi chwazi Meru. Kole adres la, mete montan an, mete kod PIN ou, epi konfime. Kob la ap parèt sou Meru apre li fin rive.

3 bagay pou pa bliye

Konbyen sa ap koute ou ?

Fòmil la : (montan USDT + 1 % + 1,5 USDT) × to acha jou a. To a ka chanje, kalkil sa a pran to jodi a.

Fòmil la ba ou pri a an goud. Wap wè to jou a sou NovaCash.

Kijan pou voye kob Meru sou NovaCash

  1. Pran adres USDT Polygon ou sou NovaCash

    Ale nan "Déposer", chwazi USDT, chwazi Polygon, epi jenere adres la.

  2. Fè retrè a sou Meru

    Sou Meru, ale nan "Withdraw", chwazi Polygon, kole adres NovaCash ou a, epi kontinye.

  3. Chanje USDC a an USDT

    Etap sa a trè enpòtan : klike sou monnen an, chwazi USDT, mete montan an, epi konfime.

  4. Kob la monte an goud sou NovaCash

    Li monte otomatikman, souvan nan 5 a 10 minit. Apre sa, ou ka voye l sou NatCash. Gade video a.

Fòmil la : (montan USDT − 1,5 USDT − 0,5 %) × to vant jou a.

Kesyon moun poze

Eske mwen ka rechaje kat Meru ak NatCash ?

Wi. Ou mete kob sou kont NovaCash ou ak NatCash, an goud. Apre sa, NovaCash voye USDT Polygon sou adres Meru ou.

Poukisa mwen resevwa mwens sou Meru ?

Se Meru ki pran 1 $ + 1 % sou montan li resevwa a. Se pa NovaCash ki kenbe kob sa a.

Kisa m bezwen pou gen yon kat Meru ?

Ou bezwen enstale aplikasyon Meru, gen 18 an, epi gen yon pyès idantite. Kat la pèsonèl : chak moun kreye pa li.

Eske mwen ka itilize kat Meru sou Apple Store oswa AliExpress ?

NovaCash pa fè sa dirèkteman. Men si ou rechaje kat Meru ou, ou ka eseye itilize l ou menm, san garanti pa nou.

Mwen gen yon pwoblèm nan aplikasyon Meru, kisa pou m fè ?

Se sipò Meru ki jere sa, depi nan aplikasyon an. Si se yon voye NovaCash, ekri nou nan chat la.

Comment recharger une carte Meru depuis Haïti

Depuis Haïti, vous pouvez recharger votre carte Meru avec NatCash grâce à NovaCash. Déposez des gourdes sur votre compte NovaCash, copiez votre adresse USDT Polygon dans l’application Meru, puis envoyez le montant depuis Top-up, Meru. Meru prélève ensuite ses propres frais de 1 $ + 1 %.

Lòt gid yo

Rechaje Pocket Option · Rechaje Binance · Rechaje Deriv

Pare pou komanse ?

Kreye kont ou, epi ekri sipò a si ou bloke nan yon etap.

Kreye kont NovaCash ou