Gid an kreyòl · Ayiti
Kijan pou rechaje Binance an Ayiti
Ou vle mete USDT sou Binance men ou pa gen kat bank ? Ak NovaCash, ou peye an goud ak NatCash, epi nou voye USDT sou adres Binance ou.
An rezime
- Ou peye ak
- NatCash, an goud
- Rezo
- Polygon oswa BEP20
- Frè NovaCash
- 1 % + 1,5 USDT
- Ou ka vann tou
- USDT an goud
4 etap pou rechaje Binance
Kreye kont ou sou NovaCash
Antre sou novacash.io epi kreye kont ou.
Mete kob sou NovaCash ak NatCash
Ale nan seksyon "Déposer", chwazi NatCash, epi swiv etap yo. Kod ajan an ak yon video la pou ede w. Apre ou fin voye kob la, ajoute kapti SMS konfimasyon an epi klike "Soumettre la demande". Gade video depo a.
Pran adres USDT ou sou Binance
Sou Binance, ale nan "Deposit", epi "Deposit Crypto". Chwazi USDT, klike "Select Network", epi chwazi Polygon oswa BEP20. Polygon ka parèt kòm "Polygon POS". Kopye adres la.
Voye USDT a sou NovaCash
Sou NovaCash, ale nan "Top-up", chwazi USDT, epi chwazi menm rezo a. Kole adres la, mete montan an, mete kod PIN ou, epi konfime. Apre sa, gade "Asset history" sou Binance.
3 bagay pou pa bliye
- Menm rezo a. Si ou kopye yon adres Polygon, chwazi Polygon sou NovaCash tou. Si ou voye sou yon lòt rezo, kob la ka pèdi.
- Yon ti kras mwens rive. Montan ki rive sou Binance a yon ti kras pi ba, paske rezo a pran yon ti frè. Sa nòmal.
- Pa ka anile. Yon fwa USDT a pati, ou pa ka anile l. Tcheke adres la anvan ou konfime.
Konbyen sa ap koute ou ?
Fòmil la : (montan USDT + 1 % + 1,5 USDT) × to acha jou a. To a ka chanje, kalkil sa a pran to jodi a.
Fòmil la ba ou pri a an goud. Wap wè to jou a sou NovaCash.
Kijan pou vann USDT Binance ou an goud
Pran adres USDT ou sou NovaCash
Ale nan "Déposer", chwazi USDT, chwazi Polygon oswa BEP20, epi jenere adres la.
Voye USDT a depi Binance
Sou Binance, fè yon retrè USDT sou menm rezo a, epi kole adres NovaCash ou a.
Kob la monte an goud sou NovaCash
Li monte sou solde NovaCash ou, pa dirèkteman sou NatCash.
Fè retrè NatCash ou
Lè kob la sou NovaCash, ou ka voye l sou NatCash. Gade video a.
Fòmil la : (montan USDT − 1,5 USDT − 0,5 %) × to vant jou a.
Kesyon moun poze
Eske mwen ka rechaje Binance ak NatCash ?
Wi. Ou mete kob sou kont NovaCash ou ak NatCash, an goud. Apre sa, NovaCash voye USDT sou adres Binance ou.
Ki rezo pou m chwazi sou Binance ?
Chwazi Polygon oswa BEP20. Sa ki pi enpòtan : menm rezo a sou Binance ak sou NovaCash.
Eske gen yon minimòm ?
Sou NovaCash, minimòm nan se 1 USDT sou Polygon oswa BEP20. Ekran an montre l anvan ou konfime.
Kob la poko parèt sou Binance, kisa pou m fè ?
Gade "Asset history" sou Binance. Si ou pa wè l, ekri sipò NovaCash nan chat la : nou ka verifye transfè a pou ou.
Eske NovaCash gen lyen ak Binance ?
Non. NovaCash se yon sèvis endepandan. Nou voye USDT sou adres ou ban nou an, men se Binance ki jere kont ou.
Comment recharger Binance depuis Haïti
Depuis Haïti, vous pouvez recharger Binance avec NatCash grâce à NovaCash. Déposez des gourdes sur votre compte NovaCash, copiez votre adresse de dépôt USDT sur Binance en Polygon ou BEP20, puis envoyez vos USDT depuis NovaCash sur le même réseau. Pour vendre, envoyez vos USDT de Binance vers votre adresse NovaCash : le montant arrive en gourdes, puis vous pouvez le retirer sur NatCash.
Lòt gid yo
Pare pou komanse ?
Kreye kont ou, epi ekri sipò a si ou bloke nan yon etap.
Kreye kont NovaCash ou